Menu
Cart 0

You Are Not Saved: Accept It (Haitian Creole)

  • $ 3300

PrintMyTract.com logoNOTE: This item is custom-printed to order (click for more details).

Printing Time
Tract Quantity

  • Estimated shipping date: Thursday, April 18 (Click for more details)
  • SKU:
  • Discounts: Discount coupons do not apply to this item
  • Format: Folded Tract
  • Size: 3.5 inches x 5.5 inches
  • Pages: 4
  • Returns: Because this item is custom-printed to order, it cannot be returned.

Show all item details


The full text of this tract is shown below. (Do you want to print this tract in a different version than the one listed? Contact us and let us know what you're looking for—we may be able to create the alternate version for you at no charge.)

Mesaj sa se pou ou si ou ouè se esklav peche ou ye. Li pou ou si ou ouè mache avèk Kris se gnou inposiblite. Kè ou pa gin gnou vrè rejouisman. Ou pa gin sekurite-a nan nanm ou ke lè ou mouri ou pral nan sièl la. Ou santi ou ront ke lòt moun ap dekouvri ou kòm gnou pechè pèdu ki pa konn Kris. Pa pè.

Rezon ki fè ou paka dechinnin anba chèn peche se paske ou pako janm jouinn libète-a ke Kris vle ba ou an. Rezon ki fè ou ouè ou paka mache ak Kris lan, ou san la joua, se paske ou pako devni gnou nouvo kreatu nan Kris. Ou pako jouinn pouvoua ke Bondieu bay tout moun ki resevoua Pitit Li an lè Li plante le Sintespri anndan yo. Lè sa-a ou-ap ka viv konsa. Kè ou ap plin joua e l-ap posib pou ou mache ak Kris. Ou-ap pran plezu nan Li e L-ap pran plezu nan ou.

Danje-a se si ou konnin ou pa gin lavi etènèl e ou rete kache, san ou pa deklare sa bay Bondieu. Se pa deklare-l bay lòm non, min declare-l bay Bondieu.

Problèm rete kache-a ka gingnin, se ke, ou ka pami moun ki sove min ou p-ap ka viv jan yo viv lan. Sa inposib. Gin anpil chans ou ka ap minnin gnou doub vi: lè legliz ansanm ou se gnou bagay e deyò legliz ou se gnou lòt bagay. Ou nan danje pou ou devni gnou ipokrit paske ou pran plas sa ou pa ye. Ou pran plas gnou pitit Bondieu pa mouayin nouvo nesans lan gnou moun jouinn lè li resevoua Kris etan ou pa sa vre.

Min, pi gran danje an pou ou, si ou mouri konsa, ou-ap pèdu nanm ou nan lanfè etènèl. Lè sa Bondieu p-ap ofri ou salu a ankò.

Me ki sa ou doue fè si ou dekouvri ke ou pa sove:

1.) Pa pè sa lòt moun ap panse de ou. Sa pa inpòtan. Si yo panse ou sove min ou pa sove, lè ou mouri e ou pèdu nanm ou nan lanfè, èske sa ap itil ou? Sa nou panse se pa sa ki inpòtan min se sa Bondieu ouè ki inpòtan.

2.) Pa pè sa nou panse paske kote ou ye a, nou te la tou. Pa gin moun ki fèt tou sove. Nou tout fèt san Kris e nou bezouin gnou moman nou resevoua Li. Pa koute gnou moun ki di ou angnin diferan. La Bib di tout moun fèt deyò Kris e ke nou bezouin gnou moman lè nou antre pa Li Minm ki Pòt lan (Jan 10:9).

3.) Finalman, pa panse ke Bondieu rayi ou paske ou pa sove. Si ou prale gnou kote e ou pèdu, tout tan ou pa rekonèt ke ou pèdu, ou pa-p chache vrè chemin an. Sa vle di: si ou pèdu, pi bon bagay ki ka rive ou se dekouvri ke ou pèdu. Paske, nan moman sa-a, ou-ap chache bon chemin an.

Gade li konsa: si ou pa sove, èske ou vle dekouvri ke ou pa sove kounye-a, lè ou toujou gin chans pou ou sove? Oubyin èske ou pi pito dekouvri ke ou pa sove lè ou mouri e ou pèdu nanm ou nan lanfè? Lè li gintan trò ta? Jezu Kris di:

“An verite, an verite, mouin di nou: moun ki koute paròl mouin, e kouè sila ki voye mouin an, li gin la vi etènèl, e li pa vini nan jujman, min li sòti nan la mò, li antre nan lavi” (Jan 5:24)

Salu an sinp konsa. Kote ou chita, si ou koute sa Bondieu (Papa-a) di de Pitit lan, Jezu, ke Li te soufri nan plas ou sou la koua e ou kouè nan Li sèl kòm Sovè ou, nan moman sa-a, pa gin jujman pou ou paske ou gin lavi etènèl, selon Bondieu.

Si ou pa sove, pa ouè ou manke valè devan Bondieu. Paske Bondieu kòmande nou-minm ki sove pou nou pale ou kòman ou ka sove tou—kòman ou ka chape jujman Li nan lanfè. Tande sa Jezu di sou ou:

“Se pa moun byin pòtan [ansante] ki bezouin doktè, min moun ki malad...paske mouin pa vi-n rele moun ki just, min moun ki fè peche” (Matie 9:12-13).

Back to top of page


We Also Recommend