Menu
Cart 0

Bad News for Good People, Good News for Bad People (Creole)

  • $ 3300

PrintMyTract.com logoNOTE: This item is custom-printed to order (click for more details).

Printing Time
Tract Quantity
Add Your Custom Imprint—FREE! (click for more details)

 


  • Estimated shipping date: Tuesday, April 9 (Click for more details)
  • SKU:
  • Discounts: Discount coupons do not apply to this item
  • Format: Folded Tract
  • Size: 3.5 inches x 5.5 inches
  • Pages: 4
  • Returns: Because this item is custom-printed to order, it cannot be returned.

Show all item details


The full text of this tract is shown below. (Do you want to print this tract in a different version than the one listed? Contact us and let us know what you're looking for—we may be able to create the alternate version for you at no charge.)

MOVE NOUVÈL POU BON MOUN

Jezu di: “Mouin pa vi-n rele moun ki just, min moun ki pechè.” (Mak 2:17)

Ou ka sezi tande ke La Bib gingnin anpil move nouvèl pou moun ki panse yo bon. Pran vèsè sa yo kòm egzanp:

Nou tout nou te tankou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Tout sa nou te fè ki byin te tankou rad sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Ezayi 64:6

Pa gingnin moun ki just, pa minm gnou sèl. Pa gingnin gnou sèl ki intelijan, pa gingnin gnoun k-ap chache Bon-dieu. Romin 3:10,11

Tout bagay tou-nu e dekouvri devan je sila nou gin pou rann kont ba li a. Hebre 4:13

Bon-dieu fè bagay ki te rive deja rive ankò. Eklezias 3:15

Li sove nou, pa poutèt zèv justis nou te fè, min selon mizèrikòd li. Tit 3:5

Paske pèsonn p-ap resevoua justis devan li avèk zèv Laloua, puiske se Laloua ki fè nou rekonnèt sa peche ye. Romin 3:20

Min kou li ye a, li deklare ke lezòm tou patou gin pou repanti. Travay 17:30

Min si nou pa repanti, nou tout va peri minm jan an. Luk 13:3

BON NOUVÈL POU MOVE MOUN

“Kris te mouri pou moun ki pa-t gin respè pou Bon-dieu” (Romin 5:6)

Minm jan tou, ou ka sezi tande ke gingnin pliziè lòt pasaj La Bib ki montre ke gingnin anpil bon nouvèl pou move moun. Me kèk:

Jezu-Kri vini nan lemonn pou sove pechè yo. 1 Timote 1:15

Min se nan sa Bon-dieu montre amou li anvè nou: etan nou te ankò nan peche, Kris mouri pou nou. Romin 5:8

Paske Bon-dieu tèlman rinmin lemonn ke Li bay sèl Pitit li a, pou ninpòt moun ki kouè nan li pa peri, min pou li gingnin lavi etènèl. Jan 3:16

Paske le Fis de lòm vi-n chache e sove sa ki te pèdu. Luk 19:10

Kouè nan le Segnè Jezu e ou va sove. Travay 16:31

Paske ninpòt moun k-a invoke non le Segnè va sove. Romin 10:13

Donk, puiske nou resevoua justis gras-a la foua, nou gin la pe avèk Bon-dieu, gras-a Jezu-Kri, Segnè nou. Romin 5:1

Petèt ou se gnoun nan moun yo k-ap fè efò pou yo merite sièl la. Petèt ou eseye fè tout sa ou kapab. Bagay sa yo gin plas yo, min fò nou di ou sa klè, si se panse ou sa, La Bib sèlman gingnin move nouvèl pou ou. Lòm pakab antre nan sièl la konsa. “Tout moun fè peche” (Romin 3:23) e yo anba kondanasion. Yo bezouin gnou Moun pou sove e justifie yo. Pechè paka sove oubyin ede Sovè-a sove yo.

Min si ou konnin ke ou kondane e pèdu devan Bondieu e ou nan rout lanfè san dout—koul-ye-a, La Bib gin bon nouvèl pou ou. Jezu-Kri mouri pou ou sou boua kalvè pou ou kapab sove e Li ofri ou padon pou tout peche ou yo. Si jan ou ye a, ou gade Li pa lafoua, ou kapab konnin peche ou yo padone e gingnin asurans lavi etènèl.

Jezu di: “Moun ki vi-n jouinn mouin, mouin p-ap janm mete li deyò” (Jan 6:37)

Back to top of page


We Also Recommend